Page 55 - FY24_Student AndFamilyHandbookCreole_9-26_23
P. 55

g.   Dwa pou bay konsantman alekri avan yo fè, pataje, oswa skonsève yon tès biyometrik pou pitit yo ki minè;
            h.   Dwa pou bay konsantman alekri avan yo kite moun kreye, stoke oswa pataje nenpòt enfòmasyon sou san oswa
                  DNA pitit yo, eksepte si lalwa egzije sa, oswa gen yon lòd ki soti nan tribinal pou sa;
            i.    Dwa pou konsanti alekri avan eta a oswa nenpòt sibdivizyon politik anrejistre videyo oswa vwa pitit yo ki se yon
                  minè, amwenske anrejistreman sa a fèt nan moman oswa fè pati yon dewoulman pwosesis nan tribinal oswa li fè
                  pati yon entèvyou nan envestigasyon kriminèl oswa Depatman Timoun ak Fanmi (“Department of Children and
                  Families”) oswa li ta sèlman fèt pou rezon anba yo:
                     i. Yon demonstrasyon sekirite, sa enkli mentni lòd ak disiplin nan yon zòn abityèl lekòl oswa transpò elèv.
                       Yon objektif ki gen rapò ak yon aktivite lejitim akademik oswa aktivite andeyò kourikoulòm.
                    ii. Siveyans sekirite bilding oswa teren.
                    iii. Yon kat idantite ki gen foto.
            J.  Dwa pou yo avize yo rapidman si nenpòt anplwaye distri a oswa nenpòt lòt enstitisyon sipèk gen yon ofans kriminèl
               ki fèt sou pitit yo ki se yon minè, amwenke ensidan an te deja rapòte bay yon ajan polis oswa Depatman Timoun
               ak Fanmi “Department of Children and Families” epi si yo ta avize paran an, sa t ap kontrarye envestigasyon an.

        2.  Règleman sa a pa anpeche anplwaye distri yo, ajan polis, yon tribinal, oswa yon anplwaye leta ki responsab pou
            byennèt timoun aji nan kapasite ofisyèl yo nan dimansyon rezonab ak pridan otorite yo genyen.
        3.  Yo kapab pran sanksyon kont yon anplwaye distri a si li ankouraje, fòse, oswa eseye ankouraje yon timoun minè pou
            l pa bay paran li oswa responsab li enfòmasyon yo.

        III. Avi sou Dwa Paran pou yo Patisipe
            1.  Komite Distri Rejyon Palm Beach la rekonèt angajman manmi nan lekòl amelyore reyisit elèv, redui absans, epi
               amelyore konpòtaman elèv nan lekòl.  Se pou sa, Komite Dirijan Lekòl la adopte plizyè règleman (Règleman) ki
               sipòte dwa paran, jan lwa eta Florid nimewo 1014.05 mande li.   Ou kapab jwenn enfòmasyon konsènan
               règleman (Règleman) sa a sou link (lyezon) Parent Bill of Rights.


                                ENFÒMASYON POU ELÈV ANSENT AK ELÈV KI PARAN

        Se Senatè Birch Bayh, ansanm ak lòt  moun, ki te prezante  epi entwodui Amandman  Title  IX 1972   nan (Education
        Amendments of 1972Title IX), Lwa Piblik No. 92-318, 86 Stat. (23 Jen 1972) ki kodifye nan  20 U.S.C. § § 1681 through 1688;
        yo te renome l sou non Patsy Mink anba tit Opòtinite Egal Ego daprè lwa 2002 sou Edikasyon, daprè non Reprezantan nan
        Lachanm kòm ko-otè ak sipòtè. Li deklare (an pati):

        "Pa gen okenn moun Ozetazini yo kapab, sou baz sèks, anpeche patisipe, refize benefis oswa fè diskriminasyon anba
        kèlkeswa pwogram edikasyon oswa aktivite ki jwenn èd asistans finansyè federal..." avèk kèk ekspsesyon.

        Lwa Florid sou elèv ki ansent ak elèv ki paran yo bay dwa tou pou yo kontinye edikasyon yo nan lekòl piblik  F.S. § § 1002.20
        (2), 1003.21 (1)(9d), & 1003.54, and 6A-6.0525 FAC. Nou ankouraje elèv ki ansent pou yo travay avèk konseye akademik
        ak enfimyè lekòl yo.  Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la ofri yon demi kredi pou kou fòmasyon preparatwa pou paran,
        referans nan sèvis sosyal ak sante ak sèvis swen pou timoun, pou ede elèv yo pran diplòm fendetid segondè yo. Gade tou
        P-8.13 ak 5.27.  (*Pa bliye règleman yo aktyèlman nan revizyon epi yo kapab chanje.)

        Pou plis enfòmasyon sou Pwogram pou Jèn Paran yo (TPP ann anglè) kontakte:
        teenparentprogram@palmbeachschools.org.





         Manyèl Elèv ak Paran pou Ane 2024                                                                                                                                                       45 | Page
   50   51   52   53   54   55   56   57   58   59   60