Page 75 - FY24_Student AndFamilyHandbookCreole_9-26_23
P. 75

Yo ankouraje pèsonèl lekòl la pou yo eseye jwenn konsantman elèv la pou yo fouye pou jwenn objè oswa sibstans ki
        ilegal, entèdi, atik oswa sibstans danjere, oswa pwopriyete yo vòlè, men yo kapab fouye yon elèv san konsantman l, si
        genyen ase rezon pou yo sispèk elèv la posede yon objè oswa yon sibstans entèdi, ilegalman

        Anplwaye lekòl la genyen otorite pou yo fouye valiz oswa sak lekòl elèv la, valiz, bous, si genyen ase rezon pou yo sispèk,
        si elèv la refize di ki sa ki ladan l.

        Pake yon machin sou pwopriyete Distri Lekòl la se yon privilèj yo kapab akòde elèv lekòl segondè yo.  Tout elèv ki vle
        pake machin yo sou pwopriyete Distri Lekòl la dwe siyen yon fòm konsantman ki pèmèt direktè a/reprezantan li fouye
        machin yo, si genyen dout rezonab ki fè kwè machin nan gen atik kontrebann ladan.  Si elèv la ta refize yo fouye machin li
        sa ap lakoz yo revoke pèmisyon pou li pake machin li epi y ap disipline li. Règleman entèn lekòl la nan kesyon privilèj pakin
        pou elèv parèt nan P-5.184 la.

                            BADJ IDANTIFIKASYON FOTO ELÈV (BADJ IDANTIFIKASYON)


        Tout elèv (PreK jiska klas 12 yèm  ane) oblije montre badj idantite aktyèl Distri Lekòl la nenpòt ki lè pandan yo sou pwopriyete
        Distri a. Lè administrasyon lekòl la konsidere li apwopriye, yo kapab mande badj idantite nan evènman lekòl la patwone
        ak lè y ap transpòte yo nan bis Distri a oswa nan lòt machin Distri a patwone, lwe oswa itilize.

        Se lekòl elèv la k ap bay elèv la badj idantifikasyon. Elèv yo gendwa sèvi ak kòdon (break-away sèlman), braslè ponyèt,
        oswa klip pou montre badj Idantifikasyon yo. Lekòl yo kapab pèmèt yo mete badj idantite yo sou vsak lekòl yo.


        Si yon elèv pèdi oswa yo vòlè badj idantite li, elèv la dwe rapòte pèt la bay anplwaye ki nan dikreksyon an nan lè lekòl
        regilye nan jou nòmal ki gen lekòl yo. Ou kapab jwenn enfòmasyon adisyonèl sou règleman Idantifikasyon Foto Elèv (Badj
        ID) nan P-5.0115.

                                          FRÈ INIFÒM POU RELVE NÒT ELÈV
        Elèv aktyèl ak ansyen elèv ki te diplome oswa ki te kite nan dezan (2 an) ki sot pase yo ap jwenn relve nòt nan lekòl
        anvan yo a.
                     ● Relve nòt Elektwonik (PI RAPID)                                          GRATIS
                     ● Relve nòt Final/Fen Ane Akademik                                         GRATIS
                     ● Relve Nòt sou Papye*                                                     $3
                     ● Lòt Sèvis Relvednòt*                                                     $3

        *Elèv k ap resevwa Repa Gratis/Apri Redui resevwa relve nòt gratis
        *Relve nòt pou enskripsyon nan lame, gratis
        Ansyen elèv ki te gradye oswa ki te kite Distri Lekòl la pandan twazan oswa plis, kapab jwenn relvednòt yo nan Records
        Management.
        Demann relvednòt Elektwonik ki te fèt elektwonikman atravè sistèm Distri Lekòl la te apwouve       $5

                                KONDISYON POU ELÈV ITILIZE EKIPMAN TEKNOLOJI
                                                Règleman 8.123 – Aktyèlman Anba Revizyon
        Yo dwe li oswa fè elèv la li ak/oswa eksplike l avi sa a. Anplis, li disponib pou paran an (yo) li, oswa pou yo eksplike paran
        oswa responsab la (yo) amwenske elèv la endepandan. Fòm Enskripsyon pou Nouvo ak Ansyen Elèv la, (Student
        Registration Form, PBSD 0636) ki mande pou paran/responsab/elèv ki endepandan revize, ranpli ak siyen chak ane a, ap
        genyen enfòmasyon ki enfòme yo sou Règleman 8.123 a ak obligasyon ki fèt pou elèv yo konfòme yo ak kondisyon yo.
        Aksè elèv pou yo itilize resous teknolojik Distri lekòl la, enkli antre sou entènèt, dwe andose objektif edikatif ak misyon
        Distri a.
         Manyèl Elèv ak Paran pou Ane 2024                                                                                                                                                       65 | Page
   70   71   72   73   74   75   76   77   78   79   80