Page 29 - FY24_Student AndFamilyHandbookCreole_9-26_23
P. 29

TEKNOLOJI POU EDIKASYON

        Resous Pedagojik sou Entènèt
        SDPBC (Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la) founi anpil resous pedagojik ak mwayen kominikasyon sou entènèt la pou
        pwofesè, paran ak elèv itilize Elèv yo kapab gen aksè ak resous edikatif pèsonalize pou elèv, lè yo siyen nan pòtay elèv yo
        nan  https://students.mysdpbc.org oswa itilize lyen ‘’Sign in’’ nan ki anlè paj Distri a.

        Plizyè nan pwogram nou genyen sou entènèt pou elèv yo pèsonalize yo,  epi majorite aplikasyon yo genyen  yon
        otantifikasyon inik; kidonk, ou kapab gen aksè ladan dirèkteman lè ou sou platfòm nan san ou pa bezwen gen yon
        “username ak password” (non itilizatè ak modpas). Se espesyalis medya lekòl la, teknisyen oswa pwofesè lekòl la k ap bay
        enstriksyon sou ki resous espesifik yo pral itilize nan klas ak fason pou genyen aksè nan nenpòt resous ki mande pou
        genyen yon non itilizatè/modpas.

        Liv Tèks ak Resous sou Entènèt
        SDPC bay aksè nan materyèl didaktik yo adopte pou kou ki enkli depi materyèl tradisyonèl ki enprime rive nan kontni ki
        konplètman dijital. Aktyèlman, majorite kou yo genyen yon melanj toulede, epi nan kèk ka, yo kapab asiyen yon gwoup
        tèks enprime pou klas lè y ap itilize tèks la kòm referans. Majorite kou fondamantal yo genyen platfòm sou entènèt ki
        pèmèt pwofesè ak elèv itilize kourikoulòm dijital kòm yon pati nan ansèyman fondamantal. Platfòm ak resous sa yo varye
        dapre matyè, epi yo kapab egzijie pwofesè yo pou yo aktivman bay elèv yo resous ak aktivite pou satisfè bezwen endividyèl
        yo.

        Elèv yo dwe aktivman enskri nan yon kou/klas apwopriye pou jwenn aksè epi y ap jwenn lyen pou liv tèks/platfòm yo
        asiyen yo atravè bwat «Student Texts» sou pòtay elèv yo. Anpil nan lyen yo ap bay aksè dirèk epi yon ti kantite nan yo ap
        egzije yon pwosede inik pou genyen aksè nan lekòl la oswa lakay yo. Pwofesè yo ta dwe bayo direktiv espesifik pou yo
        konekte (log in).

        SIS Gateway
        SIS Gateway a bay paran ak elèv yo aksè nan moman opòten orè, devwa, rapò sou devwa, prezans, ak plis ankò sou chak
        elèv. Paran ak elèv lekòl segondè ap kapab wè nòt ak devwa yo ki pi resan. SIS Gateway a bay paran ak elèv yo abilte pou
        voye imel byen fasil bay pwofesè yo atravè sistèm sa a. Elèv yo genyen aksè nan SIS Gateway atravè senbòl ki disponib
        nan pòtay Distri a pou elèv yo Paran dwe enskri pou genyen yon kont SIS Gateway avèk yon adrès imel ki aktif ak yon kòd
        aktivasyon lekòl la bayo. Paran yo ta dwe kontakte lekòl pitit yo epi mande manadjè Gateway a bayo kòd aktivasyon yo.

        App Mobil SIS
        Rete konekte ak pèfòmans akademik yon elèv, kounye a, pi fasil avèk app mobil Gateway SIS la. Paran ak elèv kapab
        resevwa notifikasyon a tan reyèl pou nòt yo, prezans, devwadmezyon ki pral poste, rezilta nòt, ak plis lòt enfòmasyon ki
        itil sou app mobil SIS la. App la enkli badj vityèl Elèv la avèk foto, nimewo ID, ak bakòd li kapab eskane pou repa nan lekòl
        Telechaje nan fè rechèch nan “Palm Beach County SIS Gateway” nan Google Play oswa nan Apple App Store a.

        Pwogram “Techsafe” (Teknoloji san Danje)
        Depatman Teknoloji Edikatif ofri tout elèv Pwogram TechSafe la.  TechSafe se yon pwogram ki apwopriye ak laj moun, ki
        konsène sekirite teknoloji ak entènèt, konsyans entimidasyon sou entènèt, ak sitwayènte dijital. Pwogram TechSafe fèt
        pou bay opòtinite pou elèv poze kesyon atravè yon diskisyon gide nan klas. Tout elèv k-12 k ap itilize teknoloji distri a
        oblije resevwa fòmasyon sa a pou yo kapab satisfè P-8.123- distri a ki rele “Technology Acceptable Use Règleman for
        Students”. (Règleman pou Elèv sou Izaj Akseptab Teknoloji).



         Manyèl Elèv ak Paran pou Ane 2024                                                                                                                                                       21 | Page
   24   25   26   27   28   29   30   31   32   33   34