Page 31 - FY24_Student AndFamilyHandbookCreole_9-26_23
P. 31

Yon lòt opsyon ki disponib pou evalye pèfòmans ak devlòpman elèv ki gen andikap entelektyèl grav se atravè izaj FAA
        Datafolio a, ki se yon koleksyon travay elèv la fè nan twa peryòd pandan ane lekòl la. Yo sèvi ak opsyon sa a abityèlman
        pou elèv ki pa genyen yon mwayen kominikasyon fòmèl.

        Dispans
        Ekip IEP a kapab detèmine si yo kapab egzonere rezilta yon evalyasyon final End-of-Course (EOCs) Elèv andikape yo dwe
        pran. Si kondisyon yo satisfè, rezilta evalyasyon EOC yo kapab egzonere pou yo kapab detèmine nòt ak kredi elèv la pou
        klas la  F.S.§1008.22(3)(c) Ekip IEP a dwe dokimante elèv la demontre konpetans nòmal pou klas la.

        Egzanpsyon Ekstrawòdinè
        Yon ekip IEP kapab detèmine kèk kondisyon oswa sikonstans espesifik anpeche yon elèv ki geynen andikap pou l demontre
        fizikman metriz nan abilte lè l pran yon evalyasyon yo bay nan tout eta a. Sipèentandan distri a fè yon rekòmandasyon
        pou ekzanpsyon ekstrawòdinè, dapre rekòmandasyon ekip IEP a bay Komisyonè Edikasyon Eta a.  Komisyonè Edikasyon
        Florid la ap swa aksepte oswa rejte demand la.  Dènye delè pou fè demand pou Ekzanpsyon Ekstrawòdinè a se 60 jou avan
        lè y ap bay egzamen evalyasyon an. F.S. § 1008.212,  Si yon paran pa dakò avèk rejè/refi komisyonè a konsènan yon
        egzanpsyon ekstrawòdinè, li kapab mande yon odyans ekitab rapid.

        Kolaborasyon Estaf Anseyan Piblik ak Prive
        Paran yo kapab mande pou estaf anseyan prive yo a (Behavior Analysts, Speech/Language Pathologists, Occupational
        Therapists, Physical Therapists) kolabore avèk estaf anseyan piblik yo pou kapab sipleye sèvis pou pitit yo.  Lwa Eta Florid
        § 1003.572 defini kèk kondisyon espesifik pou kolaborasyon sa a, enkli konsantman direktè/tris ak etablisman yon antant
        alekri.  Genyen enfòmasyon adisyonèl moun kapab jwenn nanmen kontak ESE ki nan lekòl la oswa Kowòdinatè/tris
        Rejyonal pou ESE a.

        Itilizasyon Kontrent Fizik ak Izolasyon kont Elèv ESE yo
        Ou kapab jwenn enfòmasyon konsènan itilizasyon Kontrent fizik ak Izolasyon avèk dokiman ki nesesè yo nan règleman P-
        5.181- Distri a, ki disponib sou sit entènèt sa a nan Chapit 5:  Pupil Personnel.  Règleman an bay eksplikasyon detaye sou
        kontrent fizik espesifik yo kapab aplike nan sikonstans ijans limite, men li entèdi itilizasyon izolman.



                                                   FRÈ POU ELÈV PEYE
                                                         Règleman 2.21

         Règleman 2.21 Nenpòt demann lajan nan men yon elèv pou aktivite kourikoulòm (ki gen ladan pwomnad) dwe alekri nan
        men direktè a, adrese a paran elèv la, epi li dwe di klèman: (a) yo p ap enpoze okenn penalite sou nenpòt kalite kont elèv
        la. yon echèk pou peye; (b) yo pa dwe refize okenn elèv dwa pou patisipe si li pa peye; (c) direktè lekòl la gendwa abandone
        yon aktivite ki planifye oswa itilizasyon yon atik patikilye baze sou koleksyon lajan ki pa ase pou kouvri pri atik la oswa
        aktivite a; epi (d) demann sa a se pou yon peman volontè. Règleman an tabli demann akseptab pou peman.


        Remak: Yo pa konsidere aktivite ekstraeskolè kòm aktivite ki fè pati règleman  P-2.21. Donk yo kapab mande elèv la peye frè ki asosye avèk aktivite
        sa yo, Règleman 2.21(C) Malgre yo pa kapab refize yon elèv dwa li pou l patisipe akoz li pa kapab peye








         Manyèl Elèv ak Paran pou Ane 2024                                                                                                                                                       23 | Page
   26   27   28   29   30   31   32   33   34   35   36