Page 32 - FY24_Student AndFamilyHandbookCreole_9-26_23
P. 32

VI ANYÈL POU LWA SOU DWA FANMI POU JWENN EDIKASYON AK PWOTEKSYON VI PRIVE
          YO (FERPA ann anglè) AK LWA KI GEN RAPÒ AVÈK DOSYE EDIKASYON ELÈV FLORID KI NAN

                   LEKÒL ELEMANTÈ AK SEGONDÈ YO, AK AVI POU ENFÒMASYON SOU ANYÈ

        Lwa sou Dwa pou Fanmi jwenn Edikasyon ak Pwoteksyon Vi Prive yo), 20 USC§ 1232g, ak atik lwa F.S.§§ 1022.22,
        1022.221 pèmèt paran ak elèv ki poko genyen 18 an oswa plis ("elèv ki elijib") sèten dwa konsènan dosye edikasyon yo.
        An rezime, men sa yo ye:
            1.  a. Dwa pou enspekte ak revize dosye edikasyon elèv la nan 30 jou apati jou lekòl la te resevwa demand pou
               genyen aksè. Paran oswa elèv ki elijib yo ta dwe soumèt direktè/tris lekòl la yon rekèt alekri ki idantifye dosye yo
               ta vle enspekte a (yo).  Direktè/tris la ap fè aranjman pou paran an oswa elèv ki elijib genyen aksè epi enfòme yo
               sou lè ak kote y ap kapab enspekte dosye yo.  Si yo bay kopi, y ap chaje yon frè minimòm pou fotokopi yo.  AVI:
               Lekòl la ap aksepte onore dwa aksè toude paran yo amwenske: a) gen yon kontrent legal oswa desizyon tribinal
               nan dosye lekòl la ki refize admèt dwa pou youn oswa toude paran yo, oswa, b) genyen yon lòt eksepsyon ki egziste
               nan FERPA a.  Si w genyen nenpòt kesyon tanpri rele lekòl ou a !
               b. Dwa pou egzèse dwa pou jwenn dispans nan deklarasyon oswa lèt konfidansyèl nan kèk sikonstans.
            2.   Dwa pou mande amandman nan dosye edikasyon elèv la paran an oswa elèv ki elijib la kwè ki pa kòrèk,
               ki pa laverite, oswa an vyolasyon ak dwa pwoteksyon vi prive elèv la dapre lwa FERPA oswa lòt dwa.  Paran oswa
               elèv ki elijib ki ta renmen mande lekòl la pou amande yon dosye dwe ekri direktè/tris lekòl la, fè konnen klèman
               ki pati nan dosye a yo vle chanje, epi presize poukisa li dwe chanje.  Si lekòl la deside pou l pa amande dosye a jan
               paran oswa elèv ki elijib la mande l, lekòl la ap notifye paran an oswa elèv ki elijib la sou desizyon an epi avize yo
               sou dwa yo genyen pou jwenn yon odyans konsènan demand pou amandman an.  Y ap bay paran oswa elèv ki
               elijib la plis enfòmasyon konsènan pwosesis odyans la lè yo fè yo konnen dwa yo pou jwenn yon odyans.  Gade
               règleman P-5.50 Komite Dirijan distri a.
             3. Dwa prive konsènan enfòmasyon ki pèsonèlman idantifyab nan dosye edikatif elèv la, eksepte kote  FERPA otorize
        piblikasyon san konsantman; ak dwa pou bay konsantman alekri avan lekòl la pibliye enfòmaslyon ki idantifye yon elèv
        pèsonèlman (PII) ki soti nan dosye edikatif elèv la, eksepte nan ka FERPA ki otorize piblikasyon an san konsantman.

        Piblikasyon San Konsantman Preyalab Paran/Responsab oswa Elèv ki Elijib:
        Yon eksepsyon, ki pèmèt divilgasyon san konsantman, se divilgasyon bay ofisyèl lekòl ki gen enterè lejitim nan edikasyon.
        See 34 C.F.R. § 99.31(a) (1); 34 C.F.R. § 99.7(a) (3) (iii).  Kritè pou detèmine kiyès ki reprezante yon ofisyèl lekòl ak kisa ki
        reprezante yon enterè edikasyonèl lejitim dwe tabli nan nòt anyèl lekòl la oswa distri lekòl la pibliye sou dwa FERPA. Yon
        responsab lekòl abityèlman se yon moun lekòl la oswa distri lekòl la anplwaye kòm yon administratè, sipèvizè, edikatè
        oswa manm pèsonèl (enkli pèsonèl sante oswa medikal ak yon manm pèsonèl lapolis) oswa yon manm Komite Dirijan
        Lekòl la. Yon ofisyèl lekòl la gendwa enkli yon volontè oswa yon konpayi lekòl la oswa distri lekòl la anplwaye sou kontra
        andeyò lekòl la k ap bay yon sèvis oswa ranpli yon fonksyon enstitisyonèl kote otreman lekòl la t ap itilize pwòp anplwaye
        li, epi ki anba kontwòl dirèk lekòl la nan sa ki konsène izaj ak jesyon PII nan dosye edikatif, tankou yon avoka, oditè,
        administratè plent, ajistè asirans, konpayi asirans; ajans gadri apre lekòl, konsiltan medikal, enfimyè oswa terapis; yon
        ofisyèl yon lekòl semiprive distri sa a; yon fondasyon ki andose lekòl la; yon paran oswa yon elèv ki volontè pou l sèvi kòm
        manm yon komite ofisyèl, tankou yon komite disiplinè oswa doleyans; oswa yon paran, yon elèv, oswa lòt volontè k ap
        ede yon lòt ofisyèl lekòl la fè travay li. Yon ofisyèl lekòl genyen yon enterè edikatif lejitim si li bezwen revize yon dosye
        edikatif pou li kapab ranpli responsablite pwofesyonèl oswa responsablite yo delege li epi fè travay li nan reyalize yon tach
        ofisyèl ki mande aksè nan enfòmasyon ki nan dosye edikatif elèv n ap sèvi yo.

        Sou demand, lekòl la oswa Distri Lekòl la ap divilge dosye edikasyon, enkli dosye disiplinè elèv la konsènan yon sispansyon
        oswa ekspilsyon, san konsantman yo bay fonksyonè yon lòt lekòl oswa yon lòt Distri Lekòl kote elèv la ap chèche oswa gen
        entansyon enskri, oswa te deja enskri, si rezon divilgasyon yo se pou enskripsyon oswa transfè elèv la.  Lekòl la oswa Distri
        lekòl la ap voye rapò a si genyen demand, oubyen se paran oswa elèv ki kalifye a ki vle divilge enfòmasyon an.

         Manyèl Elèv ak Paran pou Ane 2024                                                                                                                                                       24 | Page
   27   28   29   30   31   32   33   34   35   36   37