Page 30 - FY24_Student AndFamilyHandbookCreole_9-26_23
P. 30

Règleman 8.124 - Règleman pou Pote Aparèy Elektwonik Lakay
        Yo kapab bay tout elèv Distri Lekòl Rejyon Palm Beach yo aparèy elektwonik. Aparèy sa yo se pou itilize pou aprantisaj pou
        sipòte objektif kourikoulòm yo epi yo pral disponib pou elèv yo itilize lakay yo oswa nan lekòl la. P-8.124 “Electronic Device
        Take Home Policy” - te devlope pou kontwole aparèy elektwonik elèv yo pote lakay yo.

                                                     KOD POU IJANS

        Elèv yo
               ▪   Kod Wouj – Vewouyaj konplè – Moun pa deplase
               ▪   Kod Yellow – Vewouyaj – Mouvman limite
               ▪   Kod Ble – Evakyasyon oswa abrite sou plas
               ▪   Kod Blan– Menas bonb – evakyasyon oswa pran refij sou plas
               ▪   Kod Vèt – Fonksyònman nòmal -Tout bagay klè.

        Tout Kòd Alèt Distri yo - Paran ak vizitè yo pa dwe eseye kontakte elèv yo pandan gen yon plan alèt oswa kòd ijans distri
        a ap egzekite. Paran yo ta dwe suiv estasyon radyo ak televizyon lokal yo pou plis enfòmasyon. Selon longè ak gravite ka
        ijan an, y ap kontakte paran yo atravè ParentLink epi mande yo pou yo siveye Twitter @PBSchoolsPD, @pbscd.



                                              EDIKASYON ELÈV ESPESYAL
                                                             Règleman 5.725

         Distri a aplike tout rekòmandasyon federal ak lwa leta yo konsènan idantifikasyon, demand pou  konsantman pou
        evalyasyon ak plasman elèv ki genyen andikap ansanm ak elèv ki entelijan anpil yo.  Si w sispèk pitit ou a gen yon andikap
        oswa li entelijan anpil, kontakte reprezantan/responsab pou pwogram ESE a nan lekòl pitit ou a pou plis enfòmasyon. Lòt
        adilt ki kapab akonpaye paran yo nan reyinyon kote y ap diskite sou sitiyasyon elèv yo.

        Si yo te deja idantifye pitit ou a kòm yon elèv ki genyen yon andikap (SWD ann anglè) epi genyen pwoblèm oswa enkyetid,
        kontakte responsab ESE nan lekòl la.  Y ap bay paran yo yon kopi pwosedi sou pwoteksyon dwa paran (Notice of Procedural
        Safeguards for Parents of Students with Disabilities) ki souliyen dwa kòm paran yon elèv ESE. Se ekip Plan Edikasyon
        Endividyèl (IEP) la ki pran tout desizyon konsènan yon elèv SWD yo.  Se ekip Plan Edikasyon Endividyèl (IEP) la ki pran tout
        desizyon konsènan yon elèv SWD yo. Pou elèv ki klase kòm elèv ki entelijan anpil yo, se Ekip (EP) kip pran desizyon ki
        konsène yo.

        Akomodasyon pou Tès Evalyasyon nan tout Eta a
        Se ekip IEP a ki gen pou detèmine ki kalite akomodasyon elèv andikape yo ap bezwen. Akomodasyon sa yo, si genyen, dwe
        an konfòmite ak  menm kalite akomodasyon elèv la oblije genyen nan klas li pandan tout ane lekòl la.  Kèlkeswa
        akomodasyon ekip IEP a rekòmande yo dwe konfòm ak lis akomodasyon ki posib Depatman Edikasyon Eta a (FLDOE)
        detèmine ak preskri yo.

        Florida Alternative Assessment (FAA)
        Pou elèv ki gen pwoblèm andikap entèlektyèl ki pi enpòtan nan klas 3 yèm -12 yèm  ane, Ekip IEP a kapab dokimante elèv sa yo
        ki elijib pou pran egzamen FAA. Konsantman paran obligatwa pou yon elèv pran egzamen FAA. Detèminasyon sa a baze
        sou kritè Depatman Edikasyon Florid la bay, Règ 6A-1.0943, (F.A.C.), epi li fèt pou elèv k ap travay sou yon pwogram
        altènatif akòz gwo andikap entèlektyèl yo. Y ap mande paran yo bay konsantman alekri pou elèv yo patisipe nan yon
        kourikoulòm modifye ak FAA.

         Manyèl Elèv ak Paran pou Ane 2024                                                                                                                                                       22 | Page
   25   26   27   28   29   30   31   32   33   34   35