Page 77 - FY24_Student AndFamilyHandbookCreole_9-26_23
P. 77

Distri a pa bay okenn garanti, ni sipoze, ni vèbal, epi li p ap responsab pou okenn domaj itilizatè a soufri. Sa enkli pèt
            enfòmasyon akoz reta, livrezon ki pa fèt, move livrezon, oswa entèripsyon sèvis ki rive akoz neglijans distri a oswa akoz
            erè oubyen omisyon itilizatè a. Sa enkli pèt enfòmasyon akoz reta, livrezon ki pa fèt, move livrezon, oswa entèripsyon
            sèvis ki rive akoz neglijans distri a oswa akoz erè oubyen omisyon itilizatè a. Se responsablite itilizatè a pou jwenn ak
            itilize enfòmasyon sou entènèt. Distri a nye espesifikman tout responsablite sou verasite oswa kalite enfòmasyon yon
            moun resevwa atravè rezo oswa sèvis entènèt distri a. Tout itilizatè dwe verifye nenpòt enfòmasyon yo resevwa epi
            konsidere validite enfòmasyon an.

        Dapre Lwa 1986 sou Konfidansyalite nan Domèn Elektwonik ak Kominikasyon, (18 USC Section 2510), tout elèv yo enfòme
        kounye a yo pa genyen  okenn  etablisman ki pèmèt  moun  voye ni resevwa kominikasyon elektwonik prive  oswa
        konfidansyèl. Tout mesaj konsidere kòm enfòmasyon ki fè pati domèn piblik. Pa itilize sistèm nan pou kèlkeswa fòm
        kominikasyon kote ekspeditè vle se sèlman destinatè a k ap li. Depi elèv la itilize rezo oswa entènèt Distri a, elèv la dakò
        pou l pa rann Distri a responsab kèlkeswa reklamasyon ki ta fèt akoz izaj la. Elèv la ak paran oswa responsab li (oswa elèv
        la sèlman si li endepandan) oblije soumèt yo epi respekte tout kondisyon ki nan Avi sa a.  Elèv la sipoze diskite sou dwa ak
        responsablite sa yo avèk paran oswa responsab li.

        Elèv la konprann nenpòt vyolasyon kondisyon ki mansyone pi wo la yo kapab koze aksyon disiplinè, sispansyon privilèj dwa
        aksè li ak/oswa privilèj, ak/oswa aksyon legal apwopriye. Elèv la dwe asepte tou pou rapòte bay administratè lokal la,
        pwofesè, oswa reprezantan teknoloji la nenpòt move itilizasyon resous enfòmasyon yo. Tout règleman sou konpòtman ki
        detaye nan mànyèl prensip ak metòd fonksyònman Distri a oswa lekòl yo aplikapab tou lè elèv la konekte sou rezo a.

        Yo te bay paran oswa responsab elèv la opòtinite pou li Avi sa a ak Atik Lwa P-8.123 distri lekòl la ak mànyèl referans li a.
        Paran ak responsab la konprann pwovizyon lwa ak kondisyon ki nan dokiman sa a ak lwa ak mànyèl epi aksè entènèt atravè
        rezo distri a se sèlman pou objektif edikatif ki gen rapò ak kourikoulòm, devlopman akademik elèv la, oswa aktivite
        ekstraeskolè yon lekòl. Paran oswa responsab la konprann pitit li ap respekte pwovizyon lwa yo ak kondisyon ki nan Avi sa
        a epi paran oswa responsab la konprann nenpòt vyolasyon pwovizyon lwa anwo yo kapab genyen kòm rezilta aksyon
        disiplinè, revokasyon privilèj timoun nan, ak/oswa privilèj, ak/oswa aksyon legal apwopriye. Tout règleman sou
        konpòtman ki dekri nan lwa lokal distri a oswa lekòl la, pwosedi ak mànyèl yo aplikab lè elèv la nan rezo a.

        Paran oswa responsab la konprann tou li enposib pou distri a limite aksè nan tout materyèl kontwovèse, epi paran oswa
        responsab la pa dwe rann Distri a responsab pou materyèl yo pran apati rezo oswa entènèt Distri a. Epitou, paran oswa
        responsab la dwe rapòte  tout  move itilizasyon enfòmasyon  oswa  teknoloji bay administratè lekòl la, pwofesè  oswa
        reprezantan teknolojik la. Paran oswa responsab la aksepte responsablite total pou sipèvize pitit li nan itilize koneksyon a
        distans nan rezo Distri a oswa nan entènèt apati nenpòt bilding ki pa yon etablisman lekòl la.

        Direktè/tris oswa reprezantan lekòl yo dwe fè pwomosyon tèm ak kondisyon Règleman sa a ak elèv yo pou montre yo
        fason ki aseptab ak teknik etikèt apwopriye pou itilize rezo a. Direktè/tris oswa reprezantan lekòl yo asepte pou rapòte
        nenpòt ka move izaj nenpòt resous enfòmasyon oswa teknoloji bay reprezantan teknolojik lekòl la.

        Paran, pran nòt

        Menm si direktè/tris lekòl yo repete mesaj yo tanzantan sou jan pou elèv itilize teknoloji byen, li ta pridan pou paran yo
        pale ak pitit yo epi fè yo sonje kijan pou itilize teknoloji sou plan legal ak etik (lè yo lekòl ni lè yo pa lekòl) pou kapab evite
        ensidan grav.  Règleman Konsèy Administrasyon Distri a P-8.123 (Règleman sou Itilizasyon Teknoloji ki Akseptab pou Elèv),
        New and Returning Student Registration Form PBSD 0636) and Appendix 1 (pages 20-22) PBSD 0636 (Fòm Enskripsyon
        pou Nouvo ak Elèv k ap Retounen) ak Appendix 1 (paj 20-22) IT User Standards and Guidelines Manual la genyen yon seri
        estanda pou elèv yo itilize teknoloji Distri a, ki genyen ladan l tou yon konsantman pou pa itilize teknoloji pou objektif ki
        ilegal oswa pou voye oswa resevwa mesaj ki genyen pònografi.


         Manyèl Elèv ak Paran pou Ane 2024                                                                                                                                                       67 | Page
   72   73   74   75   76   77   78   79   80   81   82