Page 76 - FY24_Student AndFamilyHandbookCreole_9-26_23
P. 76

P-8.123 Fòmasyon ak “TechSafe”
        Chak ane, elèv yo oblije resevwa enstriksyon dirèk sou egzijans  P-8.123.  Seminè “TechSafe” sa a ap fèt pandan jou lekòl
        epi l ap ede pou fè sèten elèv yo konprann kondisyon règleman an ak obligasyon ki genyen pou respekte kondisyon sa yo.
        Enkli nan seminè sa a genyen enfòmasyon sou ki jan pou itilize entènèt san risk, ansanm ak kijan pou rekonèt ak reyaji nan
        yon fason apwopriye nan ka entimidasyon sou entènèt.  Pandan seminè sa a, yo otorize elèv yo poze kesyon.

        Aksè elèv pou yo itilize resous teknolojik Distri lekòl la, enkli antre sou entènèt, dwe andose objektif edikatif ak misyon
        Distri a. Kondisyon espesifik ak sèvis yo ofri yo ap chanje tanzantan. Anplis, Distri a pa bay garanti pou sa ki konsène rezo
        oswa sèvis entènèt la, epi li espesifikman pa pran responsablite pou:
            ●  Kontni nenpòt sous entènèt la, oswa nenpòt pri, dèt, oswa domaj koze akoz fason elèv la chwazi pou itilize rezo li
               a oswa aksè sou entènèt.
            ●  Nenpòt konsekans oswa chanjman pou enteripsyon sèvis, menmsi enteripsyon sa yo rive akoz kèk sikonstans ki
               anba kontwòl Distri a.

        Elèv la dakò pou konfòme oswa soumèt li ak kondisyon sa yo:
            1.  Itilizasyon resous teknoloji distri a elèv la ap fè a dwe koresponn ak objektif prensipal Distri a, IT ak sit lekòl la.
            2.  Elèv la pa dwe itilize okenn resous teknolojik Distri a pou kèlkeswa rezon ki ilegal.
            3.  Elèv la dwe konprann gen plizyè fòm move itilizasyon resous teknolojik Distri a, enkli sa ki detaye nan dokiman sa
               a ak atik lwa P-8.123 Distri lekòl la ak mànyèl referans li a.
            4.  Elèv la pa dwe itilize resous teknolojik Distri a pou transmèt materyèl enfòmasyon ki danjere, menasan, obsèn,
               oswa anmèdan bay timoun minè. Distri a pa responsab si elèv la ap patisipe nan aktivite konsa oswa pou nenpòt
               kalite konpòtman konsa.
            5.  Elèv la pa dwe itilize resous teknoloji Distri a pou twouble oswa deranje lòt moun k ap itilize rezo a, sèvis yo, oswa
               ekipman yo atravè distribisyon reklam ki pa otorize, pwopagasyon viris nan konpitè, itilize enprimant eksepte sa
               ki nan lekòl la pou sèvis elèv, ak/oswa itilize rezo a pou antre san otorizasyon nan nenpòt lòt machin ki bay aksè
               atravè rezo a oswa atravè nenpòt lòt mwayen.
            6.  Elèv la pa dwe itilize resous ak enfòmasyon teknolojik Distri a, eksepte si pwopriyetè a oswa moun ki responsab
               legal resous ak enfòmasyon sa yo te ba l pèmisyon pou l fè sa. Resous ak enfòmasyon ki aksesib sou sit Distri a
               sipoze pwopriyete endividi ak òganizasyon ki posede yo oswa moun ki gen dwa legal sou resous ak enfòmasyon
               sa yo, eksepte si pwopriyetè yo oswa moun ki gen dwa legal te espesifikman deklare otreman.
            7.  Elèv la te li oswa oswa te resevwa enfòmasyon sou lwa P-8.123 Distri lekòl la ak Mànyèl la, epi li konprann li
               responsab pou konfòme li ak garanti ki bay nan lwa sa a konsènan elèv k ap itilize teknoloji ki ekri nan Board
               Policies ak IT User Standards and Guidelines Manual  (Gid sou Nòm ak Prensip pou moun k ap itilize IT).
            8.  Elèv la admèt se sèlman yon dwa limite li genyen nan enfòmasyon sou vi prive li nan limit lalwa egzije pou li kòm
               elèv nan sa ki genyen rapò ak itilizasyon resous teknolojik Distri a. Yo kapab kontwole resous teknolojik Distri a
               pou kèlkeswa rezon legal ak bòn kòz. Izaj resous sa yo konstitiye konsantman distri a pou kontwole yo pou objektif
               sa yo. Anplis, elèv la rekonèt distri a kapab rekipere ak/oswa devwale, jan lalwa pèmèt, tout mesaj ki nan depo
               distri a oswa nan non yon antite deyò.
            9.  Si elèv la otorize, li kapab itilize kont òdinatè li genyen ak Distri a pou konfime elektwonikman dokiman Distri a.
               Elèv la kapab itilize kont li a tou pou antre ak chanje enfòmasyon pèsonèl li nan sistèm enfòmasyon Distri a.
            10. Elèv la konfime entansyon li pou limite tèt ak dokiman l ap patisipe elektwonikman dapre metòd ki detaye pi wo
               a nan paragraf 9 la menm jan elèv la ta responsab tou si li ta siyen yon kopi dokiman an sou papye.
            11. Tout modpas elèv la resevwa ap konfidansyèl epi elèv la pa gen dwa devwale yo bay okenn lòt moun.






         Manyèl Elèv ak Paran pou Ane 2024                                                                                                                                                       66 | Page
   71   72   73   74   75   76   77   78   79   80   81