Page 78 - FY24_Student AndFamilyHandbookCreole_9-26_23
P. 78

Konfòmeman ak lalwa, Y ap rann elèv yo responsab tout konpòtman inapwopriye, imoral, san etik, danjere, destriktif,
        rayisab, oswa menasan lè yo itilize kominikasyon elektwonik oswa yon aparèy elektwonik kont elèv oswa anplwaye anndan
        lekòl oswa deyò lekòl. Nan kad aplikasyon lalwa, lekòl la ap entèveni, envestige epi chèche ak dilijans nan sitiyasyon kote
        pawòl ak move konpòtman, deyò lekòl la, te lakoz altèkasyon vyolan ant elèv oswa te anpyete sou dwa yon elèv (plizyè)
        oubyen yon anplwaye (plizyè) oswa te twouble fonksyònman lekòl la ak/oswa anpeche pwofesè fè kou yo.

        Lè w ap pale ak pitit ou konsènan itilizasyon teknoloji sou plan legal ak etik, tanpri :
              Fè pitit ou konnen piblikasyon ide ak opinyon moun se yon fòm libète ekspresyon premye Amandman
               konstitisyonèl peyi isit pwoteje. Sepandan, dwa  Libète lapawòl pa  vle di lisans pou elèv ap  fè deklarasyon
               difamatwa piblik oswa poste menas kont yon moun ak/oubyen sal repitasyon moun sa a. (P-5.002)
              Ankouraje pitit ou alète yon adilt nan lekòl la si genyen moun ki itilize mwayen teknoloji pou voye yon kèlkonk
               enfòmasyon ki kapab fè mal oswa ki danjere, tanpri gade seksyon ki sou pwovokasyon pi wo a.
              Fè pitit ou a sonje règleman P-5.183 Komite Dirijan Distri Lekòl la sou posesyon ak itilizayon telefòn selilè ansanm
               ak Règleman lekòl la sou telefòn selilè, enkli Règleman sou disiplin konsènan vyolasyon, ak pwosedi konsènan
               posiblite konfiskasyon telefòn sa yo ak mwayen pou yo remèt yo.  Aparèy sa yo pa dwe vizib, yo pa dwe itilize
               oswa aktive yo, yo dwe mete yo sou kle pou sere yo yon kote moun pa kapab wè, epi yo dwe rete “etenn” pandan
               jounen lè lekòl la ap travay oswa nan mwayen transpò lekòl la, eksepte si lekòl la ak Règleman an pèmèt sa.
               1.  Responsablite/Obligasyon legal – Nenpòt elèv ki chwazi pote telefòn pòtab oswa lòt ekipman kominikasyon
                   pòtatif nan lekòl la, se sou pwòp risk li, epi li responsab pou l sekirize ekipman sa yo.  Ni pèsonèl lekòl la ni
                   Komite Egzekitif la p ap asime responsablite si bagay sa yo pèdi, domaje, vòlè, oswa vandalize oswa itilizasyon
                   yo san otorizasyon nen lekòl la.
               2.  Fè pitit ou konnen li dwe montre bon karaktè nan itilizasyon ekipman teknolojik yo.  Elèv pa ta dwe ekri,
                   konsève ni transmèt bay  lòt  moun  okenn  mesaj ki ta kapab fè lòt elèv  mal fizikman, sosyalman  oswa
                   sikolojikman.
               3.   “Sexting” (ki defini kòm lè elèv ap voye bay lòt moun foto toutouni oswa foto dekòlte, kit se foto pa yo, kit se
                   foto lòt moun atravè espas sibènetik entènèt la) pa pa otorize epi sa fòmèlman entèdi.  Menm jan an, yo
                   entèdi pou telechaje ak enprime kopi kèlkeswa imaj sèks.
               4.  Fè pitit ou a sonje adilt yo (enkli lapolis) pran pwoblèm “entimidasyon sibènetik” ak “sexting” sou entènèt la
                   trè oserye parapò ak lwa sou timoun nan pònografi, menm lè se ta sèlman “plezantri” elèv la ta di l ap
                   fè.  Lapolis ap envestige TOUT ensidan ki ta fèt nan domèn sa a.  Yo arete jèn timoun deja poutèt y ap voye
                   foto ki seksyèlman pwovokatè/sigjestif/ensiltan bay lòt zanmi yo, menm lè yo pa t genyen okenn entansyon
                   kriminèl lè yo t ap fè sa a. Pou fè yon rapò si w resevwa nenpòt foto obsèn, solisitasyon, oswa mesaj ou pa vle,
                   ou dwe kontakte : http://www.cybertipline.com.
               5.  Fè yo konnen foto timoun toutouni ki gen mwens pase 18 an (kit foto a te pran ak pèmisyon ou san pèmisyon
                   timoun nan) konsidere kòm pònografi enfantil, kèlkeswa entansyon moun k ap fè sa a.  Li ilegal pou voye bay
                   lòt moun nenpòt foto timoun toutouni ki gen mwens pase 18 an.
               6.  Arasman elektwonik (sou entènèt) kapab fasilman depase limit vyolasyon Règleman lekòl pou vin tounen yon
                   KRIM GRAV. Definisyon asèlman elektwonik nan Règleman P-5.002 a se:

                       Pou angaje nan yon konduit [ki kapab de fwa oswa plis] pou kominike, oswa pou fè yo kominike, mo, imaj,
                       oswa lang pale oswa atravè itilizasyon lapòs elektwonik oswa kominikasyon elektwonik, ki dirije pa yon
                       moun espesifik, sa ki lakòz gwo detrès emosyonèl pou moun sa a epi ki pa sèvi okenn objektif lejitim, jan
                       sa defini nan Lwa Florid  784.048(1d)







         Manyèl Elèv ak Paran pou Ane 2024                                                                                                                                                       68 | Page
   73   74   75   76   77   78   79   80   81   82   83