Page 82 - FY24_Student AndFamilyHandbookCreole_9-26_23
P. 82

  Kenbe konvèsasyon nan yon nivo rezonab epi rete trankil bò kote tren pase.
              Règleman sou konpòtman elèv yo valab ni nan bis lekòl la ni nan salklas.

        Ti konsèy pou elèv ki vin lekòl nan machin prive, machin SUV ak kamyonèt pikòp
              Chofè ak pasaje machin prive yo, machin SUV ak kamyon yo dwe toujou mete senti sekirite.  Tout moun k ap
               transpòte timoun dwe genyen chèz espesyal pou sekirite timoun nan, boustè pou chèz la, oswa senti sekirite selon
               gwosè oswa laj timoun nan.
              Timoun ki poko genyen laj pou yo ale lekòl dwe genyen yon sistèm senti sekirite byen ajiste pou timoun, tankou
               chèz pou ti bebe ki bay fas li dèyè, yon chèz ajistab ki bay fas li dèyè, yon chèz demontab ki bay fas li devan, oswa
               yon chèz ki bay fas li sou devan sèlman, ki apwopriye avèk laj ak gwosè timoun nan.
              Tout timoun ki vini twò gwo pou chèz yo ta sipoze chita nan yon chèz boustè jiskaske yo genyen 8 ane, amwenske
               yo genyen yon wotè ki mezire: 4’ 9” (kat pye nèf pous).
              Chèz dèyè a se plas ki pi ansekirite si machin nan fè aksidan. Timoun ki genyen 12 an oswa pi piti ta sipoze chita
               dèyè epi pase senti sekirite.  Yo pa dwe JANM mete yon timoun ki chita nan chèz fas yo bay sou dèyè yo devan
               yon sak gonflab (“air bag”).

        Ti Konsèy pou Paran ak Adolesan k ap Kondui
        Pou redui kantite enèji k ap depanse, polisyon ak anbouteyaj nan vwazinaj lekòl la, anvizaje pou ta monte bekàn oswa
        mache pou ale lekòl avèk pitit ou.  Si w oblije kondui, suiv ti konsèy sekirite sa yo:
              Lè w vini chèche timoun yo nan apremidi, pa vini twò bonè pou w pa retade sikilasyon zòn bò lekòl la.
              Tann nan yon sèl liy epi kite ase espas pou yon machin tankou anbilans pase nan ka ijans.
              Pa bloke twotwa, bwat postal, espas paking pou andikape, oswa priz dlo pou ensandi yo ; epi pa pake machin sou
               gazon oswa sou pwopriyete moun.
              Toujou itilize kote yo deziye pou depose ak vin chèche elèv yo.
              Kondui tèt ou avèk respè toutan.
              Pran pasyans epi konsidere pyeton, moun ki sou bisiklèt ak otobis lekòl yo k ap eseye sòti nan lekòl la anmenmtan.
              Pa bloke aksè oswa vi sou lari sou kote yo.
              Pa fè bak pou antre nan lari lè w ap soti nan pakin lekòl la oswa nan yon ri sou kote
              Eseye fè aranjman lè pou depoze oswa pran timoun apre lè blokis epi itilize kote pou depoze oswa pran chèche
               timoun nan.
              Toujou fè atansyon ak siy ak direktiv lekòl la ak lapolis ap bay.
              Toujou respekte limit vitès yo ak lòt lwa sikilasyon.
              Aji menmjan w ta renmen lòt moun aji si se te nan katye ou.
              Pran pasyans epi konnen pyeton, elèv sou bisiklèt, ak otobis lekòl ap eseye soti lekòl la tou.
              Toujou fè sèten oumenm ak pasaje mete senti sekirite.
              Pa janm pale nan telefòn selilè oswa kite lòt bagay distrè ou lè w ap kondui.

        Ti Konsèy pou Pyeton ak Elèv sou Bisiklèt an Sekirite
            Mache – Anseye, pratike epi fè timoun yo sonje pou yo:
              Mache ak yon granmoun oswa yon timoun ki pi gran, ki gen sans responsabilite.
              Mache sou twotwa a si genyen.
              Mache anfas sikilasyon/trafic la pi lwen wout la posib, si pa gen twotwa.
              Mache; pa kouri.
              Bay chofè yo tan pou yo wè w avan w travèse lari a.
              Toujou kontinye siveye machin yo pandan w ap travèse.
              Mete koulè blan oswa reflektè lè w ap mache nan fènwa oswa kote ki pa gen anpil limyè.
              Abitiye ak siy trafik yo tankou siyal liminè ki montre yon moun k ap mache, ki chanje an wouj oswa vèt pou endike
               pyeton an kapab travèse lari a.
              Toujou gade agoch anpremye/dabò, epi adwat, epi siveye machin k ap vini atoumoman – menm bisiklèt!
         Manyèl Elèv ak Paran pou Ane 2024                                                                                                                                                       72 | Page
   77   78   79   80   81   82   83   84   85   86   87