Page 83 - FY24_Student AndFamilyHandbookCreole_9-26_23
P. 83

  Mache sou twotwa.
              Eseye travèse ansanm avèk lòt moun.
              Si genyen yon polis oswa yon gad k ap fè moun travèse, tann li fè ou siy ak men li pou w travèse oswa lè l montre
               siyal ki di ‘’Go” a.
              Evite trennen oswa angaje nan lòt aktivite pandan w ap travèse, tankou itilize telefòn pòtab oswa ap chèche yon
               bagay nan valiz ou.


        Monte Bisiklèt – Bisiklèt se veyikil. Moun k ap monte l yo dwe obeyi lwa sikilasyon Florid. Anseye, pratike epi fè timoun
        yo sonje pou yo:
              Toujou mete kask (helmet) ki bon pou yo.
              Depi sa posib, monte ak yon granmoun oswa yon elèv ki pi gran ki gen sans responsablite.
              Toujou obeyi siy ak siyal sikilasyon.
              Monte bisiklèt la sou bò dwat wout la oswa ale youn dèyè lòt, alafilendyèn (yon bisiklèt dèyè yon lòt).
              Kondui nan menm direksyon ak lòt machin.
              Travèse ray tren nan yon ang dwat lè w ap janbe yo.
              Toujou fè siyal ak men w lè w ap vire oswa lè w ap kanpe.
              Kite pyeton pase epi alète yo ak klaksòn oswa ak bouch ou lè w ap pase.

        REMAK:  Elèv k ap monte bisiklèt ak pasaje ki genyen mwens pase 16 zan dwe mete kask pwoteksyon ki bon pou tèt yo,
        ki rekòmande, lè y ap monte bisiklèt.  Lapolis kapab bay moun k ap monte bisiklèt la oswa pasaje ki pa obeyi règleman sa
        a kontravansyon ak amand. F.S. § 316.2065(3)(d), & (e)

                                                   EDIKASYON VITYÈL
                                                        Règleman 5.017

        Florid bay edikasyon vityèl kòm chwa edikatif nan tout lekòl piblik distri yo. Pwogram edikasyon vityèl distri a ofri plizyè
        opsyon pou enstriksyon sou entènèt.
              Elèv K-12 yo gen aksè kou akademik ki apwopriye sou Entènèt. Gen plizyè opsyon vityèl pou elèv yo; ou kapab
                gade opsyon ki pi aktyèl yo nan tout nivo yo nan www.palmbeachvirtual.org. Peryòd enskripsyon yo louvri 90 jou
                anvan premye jou chak ane lekòl.
              Palm Beach Virtual School disponib pou sipòte elèv yo ak enskripsyon sou Entènèt ak kesyon konsènan seleksyon
                edikasyon sou Entènèt ki pi apwopriye pou chak elèv. Kou yo disponib pou enskripsyon aplentan ak atan pasyèl
                pou klas K-12, ki enkli yon pwogram diplòm lekòl segondè.
            ▪  Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la bay yon solisyon ratrapaj kou sou Entènèt nan tout lekòl mwayen ak kou sou
               Entènèt pou ratrape kredi nan tout lekòl segondè ak lekòl altènatif. Li enpòtan pou sonje NCAA pa apwouve kou
               ratrapaj kredi yo.
              Pou plis enfòmasyon, ale nan www.palmbeachvirtual.org oswa rele 561-790-9820.

                           PWOGRAM MATÈNÈL VOLONTÈ AK PRESKOLÈ (HEAD START)
                                                         F.S.1002.53

        Kisa Pwogram Volontè Matènèl VPK (Florid) ye?
        Florid se te youn nan premye eta nan peyi a ki ofri klas matènèl gratis pou tout timoun 4 an kèlkeswa revni. Done
        Depatman Edikasyon Florid kolekte montre timoun ki patisipe nan VPK yo pi pare pou jadendanfan pase timoun ki pa
        patisipe nan VPK. Chwa paran se yon priyorite epi paran yo kapab chwazi nan plizyè opsyon pwogram VPK ki disponib nan
        yon varyete fòm edikasyon varye founisè lekòl prive ak lekòl piblik yo ofri.

         Manyèl Elèv ak Paran pou Ane 2024                                                                                                                                                       73 | Page
   78   79   80   81   82   83   84   85   86   87   88