Page 79 - FY24_Student AndFamilyHandbookCreole_9-26_23
P. 79

MANYÈL TRAVAY AK LÒT MATERYÈL ESKOLÈ
                                                   Règleman 8.122, Règleman 8.1225

        Anpil nan fason nou opere yo ap chanje. Òdinatè, DVD, videyo, materyèl elektwonik vin ap ranplase kreyon, lakrè, ak liv
        lekòl. Eta Florid te pran dispozisyon pou fè tranzisyon ansèyman antre nan laj dijital epi retire tout baryè pou ofri pwofesè
        ak elèv nan Florid ekipman aprantisaj dijital.  Nou pran angajman pou fè sèten pitit ou gen aksè ak materyèl sa yo pou
        devwadmezon, izaj nan klas, tan l ap pase nan yon òdinatè nan lekòl, oswa lòt materyèl edikatif ki disponib nan sant medya
        bibliyotèk nou yo. Elèv yo kapab gen aksè ak liv lekòl sou matyè fondamantal yo atravè entènèt.  Elèv/paran yo ta dwe
        tcheke lekòl la pou resevwa metòd pou yo gen aksè ak liv lekòl yo nan entènèt. Ou kapab jwenn yon lis liv Distri a adopte
        ak sa ki disponib nan pòtay elèv la nan lyen (link): Instructional Materials (Textbook) Adoption. Komite Dirijan Distri lekòl
        nou an pran angajman pou l founi materyèl didaktik apwopriye bay tout elèv li yo nan tout matyè fondamantal yo.

        W ap jwenn pwosesis pou adopte materyèl edikatif yo nan règleman P-8.122 (yo aktyèlman ap revize), Lwa Florid §
        1006.28 (2) (e), ak Fla. Lwa Florid § 1003.42 (1) (b).

        Nou enfòme paran yo nan dokiman sa a sou kapasite pou yo genyen aksè ak materyèl edikatif pitit yo atravè sistèm
        amelyorasyon ansèyman Distri a kote Distri a ap ankouraje paran pou ale nan sistèm nan. Avi pou paran sa a ap enkli izaj
        pòtay elèv la.

        Nan kèk lòt egzanp, yo kapab rekòmande yon gwoup materyèl klas (liv lekòl ki pa bay elèv men ki itilize nan klas epi ki
        disponib pou elèv ak paran selon bezwen yo pou izaj lakay) lè tèks la itilize kòm yon referans. Nan kòmansman ane lekòl
        la, pwofesè yo ap fè w konnen an pèsòn oswa nan bilten sou matyè fondamantal yo, yo genyen entansyon itilize ak kòman
        y ap bay devwadmezon. Nan kèk egzanp, kapab pa gen liv tèks, paske genyen lòt materyèl ki pi apwopriye oswa ki pi resan,
        poutèt kontni yo. Genyen anpil liv tèks ki disponib nan entènèt atravè yon koneksyon nan paj chak elèv sou pòtay distri a.
        Ou kapab gen aksè nan liv tèks sa yo nan nenpòt lokal kote genyen koneksyon entènèt ki disponib.

        Ou kapab jwenn pwosedi pou ekzamine materyèl didaktik yo nan Règleman 8.122 ak 8.1205 Komite Dirijan Lekòl (y ap
        revize yo kounye a).

        Lè yo bay yon elèv liv tèks, liv bibliyotèk, oswa lòt materyèl edikatif, epi materyèl yo pèdi oswa domaje, paran elèv la
        responsab finansyèman Lwa Florid § 1006.42 Si yo pa peye pou liv tèks ki pèdi oswa dechire sa kapab lakòz elèv la jwenn
        sispansyon nan aktivite ekstra eskolè yo oswa elèv la kapab anba obligasyon pou l fè sèvis kominotè ki egal ak valè lajan
        materyèl ki pèdi oswa ki andomaje yo koute.  Pwosedi konsènan responsablite paran ak elèv sou materyèl edikatif, dèt,
        pèt, domaj, oswa destriksyon, tabli nan P 8.1225.

        Tanpri, mande pwofesè pitit ou a (yo) pou enfòmasyon sa yo. Tanpri, vin patisipe nan aktivite k ap fèt pou paran/pwofesè
        yo, espesyalman nan Reyinyon Jeneral ki fèt nan kòmansman ane eskolè a. Si w genyen nenpòt kesyon tanpri rele lekòl ou
        a!

                                                         TRANSPÒ

        Distri Lekòl Rejyon Palm Beach bay transpò pou elèv ki elijib daprè direktiv SDPBC konsènan transpò elèv. Kondisyon
        elijiblite jan yo defini nan lwa Eta Florid § 1006.21 ak Règ Komite Dirijan Edikasyon Règleman 6A-3.001 enkli:
              Elèv klas K-12 yèm ane ki abite nan yon distans ki rezonableman twò lwen pou mache vini nan lekòl ki pi pre kote y
               abite a. Daprè definisyon ki bay nan kòd administratif 6A-3.001 Depatman Edikasyon Eta Florid, distans rezonab
               pou elèv vle di “nenpòt distans ki pa plis pase 2 mil, kidonk 3 kilomèt, ant lakay elèv la ak lekòl la oswa ant youn
               ak demi (1 – ½) mil distans ak ant lakay elèv la ak estasyon bis lekòl la.”



         Manyèl Elèv ak Paran pou Ane 2024                                                                                                                                                       69 | Page
   74   75   76   77   78   79   80   81   82   83   84