Page 80 - FY24_Student AndFamilyHandbookCreole_9-26_23
P. 80

  Elèv preskolè jiska 12 yèm  ane ki gen bezwen espesyal oswa kèk andikap kèlkonk, kèlkeswa distans kote yo rete
               parapò ak lekòl la (fòm PBSD 1848 egzijib, sou administrasyon pèsonèl anplwaye depatman ESE lekòl la).
              Tout elèv ki enskri nan yon Pwogram Paran Adolesan ki Fè Pitit yo ak pou pitit elèv sa yo ki enskri kòmsadwa nan
               sistèm nan  Lwa Florid § 1003,54
              Timoun ki gen laj pou ale lekòl prime epi klas y ap fè pa depase 6 yèm  ane, ki abite a 2 mil parapò ak kote lekòl primè
               kote yo dwe ale a epi ki ekspoze ak ki ekspoze ak kondisyon danjere pou pyeton, daprè jan sa defini nan atik lwa
               Eta Florid § 1006.23. Se Depatman Transpò ki detèmine ofisyèlman ki zòn ki reprezante danje pou elèv k ap mache
               yo.

        Tout elèv ki pral itilize otobis ta dwe enskri nan paj dakèy Register Your Ride ki nan Depatman Transpò pou asire pitit ou
        a genyen yon plas nan yon otobis. Elèv la dwe gen yon nimewo idantifikasyon elèv lè w ap enskri l. Ale nan mysdpbc.org
        epi klike sou Register Your Ride nan paj dakèy la. Enskripsyon pral amelyore efikasite, diminye reta, epi yo ankouraje yo
        konplete li anvan premye jou lekòl la. Ou kapab wè repons pou kesyon yo poze souvan yo, ki gen ladan opsyon Transpò
        pwogram Ochwa, nan palmbeachschools.org/transportation. Pou plis asistans, kontakte Sant Apèl Transpò a nan 561-357-
        1110.

        Pou Elèv Edikasyon Espesyal (ESE) ki egzije transpò espesyal, se responsab ESE nan lekòl la k ap trete demand pou sèvis
        transpò a jan sa endike nan Plan Edikasyon Endividyèl elèv la.

        Pou tout lòt enfòmasyon, rele ‘’Transportation Services Call Center’’ nan 561-242-6565. (Sant Apèl Sèvis Transpò)

                                                Konpòtman nan Otobis lekòl
                                                         Règleman 5.186

        Transpò nan bis lekòl yo se yon privilèj, se pa yon dwa. Yo kapab refize akòde privilèj sa a si elèv yo afiche yon
        konpòtman inakseptab.

        Li Obligatwa pou pase Senti Sekirite Nan Otobis yo
        Yo mande pou tout elèv itilize senti sekirite yo nan bis la pandan yo abò bis la kòm pasaje. Tout bis lekòl ki fèt aprè janvye
        2001 yo ekipe ak senti sekirite. Akoz senti sekirite yo diferan parapò ak lòt senti senkirite ou jwenn nan pi fò lòt machin
        prive yo, nou ankouraje paran yo pratike ak pitit yo kijan pou yo itilize senti sekirite ki boukle nan de pwent ki kwaze sou
        janm yo (prèske menm jan ak senti sekirite andedan avyon yo).  Elèv yo dwe kole de (2) pwent yo ansanm jiskaske yo
        tande son klik la epi sere senti a.  Nou ankouraje elèv yo anpil pou itilize senti sekirite pandan bis la ap kouri.  Chofè bis la
        ap anonse awotvwa “buckle your seatbelts” (boukle senti nou) lè bis la ap derape epi genyen siy nan bis yo pou sekirite
        elèv yo.

        Elèv yo pa dwe pote okenn atik nan otobis la ki kapab deranje oswa menase sekirite lòt elèv.

        Atik sa yo genyen ladan yo, san yo pa limite ak:  nenpòt veso an vè, objè ki file, balon, baton, paten a woulèt, planch a
        woulèt, nenpòt enstriman tranchan, kàn a pèch, ekipman atletik (tankou baton gòlf, baton lakwòs) nenpòt kalite boul,
        bèt, nenpòt kalite gwo objè ki kapab anbarase ak ki kapab anpeche elèv yo chita nòmalman oswa evakye bis lekòl la. Atik
        sa yo genyen ladan yo san yo pa limite ak: kò bariton, saksofòn bariton ak saksofòn tenò, gwo kès batri tanbou, vyolonsèl
        (mwatye oswa konplè), klarinèt kontrebas, kontrabason, kò fransè, ti kès tanbou, sousafòn, touba, gita, twonbòn oswa
        klavye elektwonik. (P-5.186)

        Elèv ak pwofesè dwe konsantre sou pwosesis aprantisaj/ansèyman.  Pou akonpli objektif sa a, li enpòtan pou elèv yo obeyi
        pwofesè ak tout lòt anplwaye, obeyi règleman lekòl la tabli, epi obeyi chofè bis yo.  Ale nan paj   P-5.186 pou konduit yo
        entèdi nan bis lekòl.  Konfòmeman ak lalwa federal, tout elèv ki komèt youn nan vyolasyon sekirite sa yo pandan yo nan


         Manyèl Elèv ak Paran pou Ane 2024                                                                                                                                                       70 | Page
   75   76   77   78   79   80   81   82   83   84   85