Page 81 - FY24_Student AndFamilyHandbookCreole_9-26_23
P. 81

yon bis lekòl ap resevwa dis (10) jou sispansyon pou premye vyolasyon an, epi l ap pèdi privilèj pou li monte nan bis la pou
        rès ane a si li komèt yon dezyèm vyolasyon:

              Ouvè pòt pou sòti nan ka ijans bis la pandan bis la ap kouri
              Ouvè pòt pou ka ijans bis epi sòti pandan bis la kanpe, amwenske chofè bis la bay lòd pou fè sa nan yon ka ijans
               oswa pandan antrènman pou evakyasyon nan ka ijans  (P-5.186(2)(q))

        Elèv ki vyole règleman disiplinè yo nan nenpòt bis oswa estasyon kote bis lekòl yo kanpe oswa pandan yo prale ak soti
        lekòl yo ap resevwa sanksyon disiplinè lekòl la ak posiblite pou gen pousuit jidisyè.

        REMAK:  Elèv k ap monte bisiklèt ak pasaje ki genyen mwens pase 16 zan dwe mete kask pwoteksyon ki bon pou tèt yo, ki
        rekòmande, lè y ap monte bisiklèt.  Lapolis kapab bay moun k ap monte bisiklèt la oswa pasaje ki pa obeyi règleman sa a
        kontravansyon ak amand F.S. § 316.2065(3d), & (e)

        Arè Bis pou elèv yo Apre Lekòl lage P-5.186(2p)
        Pou elèv ki pran bis pou ale lekòl yo, li enpòtan tou pou yo konprann chofè bis pa otorize kite elèv desann otobis la, eksepte
        nan lekòl la ak nan arè bis yo deziye pou elèv la. Responsab lekòl yo, operatè bis yo, paran ak elèv yo, yo tout responsab
        pou fè sèten elèv ki monte bis yo obeyi ti prensip sekirite sa yo:

        Nan estasyon otobis:
              Elèv ak paran yo responsab sekirite ak bon konpòtman elèv yo ni lè yo prale ni lè y ap sòti nan arè bis yo oswa
               pandan y ap rete tann bis la vini.
              Elèv yo pa dwe rete nan lari a pandan y ap rete tann bis la.
              Elèv yo dwe respekte pwopriyete lòt moun.
              Elèv yo pa dwe pouse, bay bourad oswa fè jwèt cheval.
              Paran yo ta dwe sipèvize timoun yo nan arè bis la si posib.
              Elèv yo dwe rive nan arè bis la omwen senk (5) minit avan lè yo endike a.
              Elèv yo dwe kanpe rete tann bis la epi desann bis la sèlman nan arè yo apwouve yo.
              Paran yo pa dwe monte nan otobis la sa otorizasyon chofè a

        Pandan elèv ap monte oswa desann nan bis la
              Toujou rete lwen “zòn danje” 12 pye arebò bis la, eksepte si chofè bis la ba ou lòd pou monte oswa desann bis la.
              PA JANM ranmase yon bagay ki kapab tonbe anba oswa toupre bis la. Mande chofè bis la ede w.
              Toujou fè sètèn chofè a kapab wè w.
              Fè sèten rad ou oswa sak lekòl ou pa genyen okenn kòd k ap pandye ki ta kapab ale kole nan balistrad oswa pòt
               bis la
              Lè ou wè otobis la ap vini, kanpe kote yo mete pou kanpe a epi tann jiskaske w wè otobis la kanpe nèt.
              Toujou tann chofè bis la siyale si pa genyen danje pou travèse lari a ak / oswa pou monte bis la.
              Lè w ap travèse yon liy sikilasyon, toujou gade agoch, adwat, apre agoch ankò; travèse sèlman si machin k ap vini
               yo kanpe.
              Pa janm mache dèyè bis la.
              Suiv konsiy chofè a toutan
              Pa janm distrè chofè bis la sof si gen yon danje imedya pou ou menm oswa pou lòt moun.
              Rete chita epi kite koulwa yo vid.
              Li entèdi pou manje, bwè, manje chiklèt.
              Pa janm pote bagay ki danjere oswa yo pa otorize nan bis la.
              Toujou mete senti sekirite w si genyen youn ki disponib.
              Toujou kenbe men w, janm ou ak tèt ou andedan bis la.
              Toujou montre respè pou elèv kamarad ou yo.
         Manyèl Elèv ak Paran pou Ane 2024                                                                                                                                                       71 | Page
   76   77   78   79   80   81   82   83   84   85   86